Kriz Entèn nan Mèri Pòdpe: Demisyon, Dezakò ak Enkyetid sou Avni Administrasyon an

TRiboLAND.com
06/17/2026
Yon nouvo tansyon sanble ap pran plas li nan administrasyon minisipal Pòdpe a. Daprè enfòmasyon k’ap sikile, Direktè Mèri a, Mike Larose, ta remèt demisyon li sou fon dezakò li genyen ak kèk moun ki fè pati antouraj Prezidan Konsèy Minisipal la. Demisyon sa a rive nan yon moman kote anpil sitwayen t’ap tann estabilite ak pi bon rezilta nan jesyon komin nan apre chanjman ki te fèt nan tèt administrasyon an.
Sitiyasyon an vin pran yon lòt dimansyon apre youn nan Mè Asesè yo, Jamesky Jeanty, pran pozisyon piblikman kont Majistra Ralph Moreau. Daprè sous yo, dezakò a ta gen rapò ak desizyon majistra a te pran pou mete yon komisyon pou jere Direksyon Jeneral Mèri a san konsiltasyon ak lòt manm konsèy la. Jamesky Jeanty mande pou yon rankont ijan fèt ant tout manm konsèy minisipal la yon pou diskite sou kesyon an epi evite kriz la agrave.
Pandan tan sa a, anpil moun nan vil Pòdpe ap eksprime desepsyon yo devan sa yo konsidere kòm premye gwo siy divizyon nan nouvo ekip minisipal la. Plizyè sitwayen ki te espere wè yon van chanjman apre administrasyon Josué Alusma a ap poze kesyon sou direksyon Mèri a ap pran. Anplis konfli entèn yo, kèk moun fè remak yo poko wè aksyon konkrè ki kapab amelyore lavi popilasyon an. Kounye a, kesyon anpil moun ap poze se, èske gen lòt demisyon k ap vini ankò nan jou k ap vini yo.
Nan fouye zo nan kalalou, anpil moun kwè se ta yon seri manèv kap fèt pou boycott Ralph Moreau yon fason pou li pa genyen desizyon nan absoliman nan anyen e redwi li nan yon nivo maryonèt pou li fè tout sa yon ti group biznis rapyese vle pandan ke yo ap imite gwo komèsan Pòtopwens k’ap souse popilasyon ayisyèn nan. Objektif yo se ta kreye yon replika Chanm Komès tèt koupe ak sa ki monopolize mache a nan Pòtopwens. Anplis, yo vle akapare tout sa ki genyen nan depatman an. Tout sa yo ap antreprann, ta gen pou wè sèlman avèk tèt yo e miltipliye mannèv avèk yon seri boujwa nan Pòtopwens swadizan yo pral fè devlopman nan Nòdwès peyi a.
Kritik yo ale pi lwen pou di, se yo ki ta deside pou enpoze Ralph Moreau nenpòt ki moun; yo ta vle itilize li kòm yon fantòm ki pa genyen oken desizyon nan absoliman anyen. Konsa, demisyon direktè administrasyon minisipal la, Mike, yon kad ki chaje ak konpetans, pa ka etone moun ki te deja konnen ki kantite po fig ak manèv dilatwà ak moratwà yon ti gwoup nan Chanm Komès Pòdpè a ap manniganse pou fè majistra Ralph Moreau parèt lèd; alòske yon latriye pouvwa desizyonèl se yon menm ki genyen li. Ti gwoup sila ki parèt tou fre nan fè biznis nan depatman an kache swadizan dèyè devlopman, pou kontinye fè kapital yo sou do yon popilasyon ki kontinye ap viv nan fatra. Bwavo pou yon seri komèsan ak antreprenè konsyan ki toujou fè efò pou kontribye e bay kolaborasyon yo pou byennèt vil Pòdpè selon règ “donnant donnant” an!
Antouka, jwèt mèt dam sila ta plis sanble yon pretèks pou plase po fig anba pye Ralph Moreau pou li fè echèk. Malerezman, pou moun ki genyen konpran, se pa sèlman Moreau kap sibi responsablite echèk la, se yo tout! Si se kote ki te genyen ti kal sajès, yo pa tap janm arive afiche yon seri konpòtman boycotaj konsa nan figi popilasyon an byen bonè apènn kèk semèn depi yo antre an fonksyon!
Mèyè genyen respè pou popilasyon an ki deja fatige avèk politik degrenn goch sila yo ki se “déjà vu” nan efondre vil Pòdpè nan fatra. Sispann fè manèv sou rezo yo, nan fè moun mande, aprè kèlke semèn ke yo pa wè anyen kap regle avèk Ralph Moreau, pandan ke ti gwoup komèsan sila nan chanm komès la ap mete po fig ak pikan kwannan pou li pa arive delivre absoliman anyen!






