Etidyant ak etidyan nan lekòl syans enfimyè ECIP onore komisè Jean Enest Muscadin.

78
0
Share:
TRiboLAND

06 – 15 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRibolLAND) Nan kad seremoni 12èm pwomosyon gradyasyon lekòl syans enfimyè nan Tigwav (ECIP), etidyant ak etidyan yo, onore komisè Jean Ernest Muscadin pou sipò li nan kad batay lap mennen kont ensekirite nan sid peyi a, sa pase jodi lendi 15 jen 2026 lan nan lokal kretyen an nan Tigwav.

Komisè Muscadin ki li menm sou bò pa li, fè konnen li kontan anpil akoz etidyant ak etidyan yo, chwazi li kòm parenn 12èm pwomosyon seremoni gradyasyon an. Li felisite responsab lekòl la ak paran yo li di ki fè chwa edikasyon pou pitit yo.

Chèf pakè jiridiksyon Miragwan nan, ki bay nouvo gadye yo garanti, yo mèt domi nan kaban’n yo lap kontinye lite kont bandi malfwa yo soti Leyogan pou rive Okay nan Sid peyi a.

Share:

Leave a reply