Ansyen minis anviwonman an, lanse ofisyèlman nan Tigwav konkou elegans ak entèlijans pou jèn fi soti laj 18 pou rive 25 lane.

72
0
Share:
TRiboLAND

06 – 13 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès jedi 13 jen 2026 lan, nan otèl Fòwayal Tigwav, ansyen minis anviwonman, ekolojis e sosyològ Abner Septembre avèk sipò responsab otèl Fòwayal la, Hugo Alein, ak Sant Banyen, ak Jaden Labo, lanse ofisyèlmanm konkou ki genyen pou tit elegans ak entèlijans ki pral fasilite chwa yon “REINE SOLIVERMONT”, kap pote bònèt lakansyèl pou ane 2026 la.

Selon ekolojis Abner Septembre, objektif konferans lan, se pou relanse ak dinamism kesyon eko – montay la, ak pou valorize yon lòt fòm peyizay nan Vali, 12èm seksyon Tigwav nan yon demach sosyal ak respè lanati.

Toutfwa, ansyen minis anviwonman an, Abner Septembre, fè konnen enskripsyon yo deja komanse apati premye pou rive 30 jen, se sèlman jèn fi ki genyen laj 18 pou rive 25 lane kap kapab patisipe nan konkou sila a. Yon kandida pa bezwen fè genyen yon gwo nivo akademik pou li patisiipe nan konkou a, daprè responsab la.

Entèrese ki prè yo, kapab pase nan biwo enstitisyon an; sa ki pi lwen yo kapab enskri sou whatsapp nan 32318871. Konkou a ap fèt nan lang kreyòl e l’ap chita plis sou kominikasyon (pale byen, pale pwofon ak presizyon, elegans e entèlijans); bote enteryè ak eksteryè (lespri, nan Lang, nan abiman ak nan demach).

Konkou ap demare nan dat premye jiyè 2026, nan lakou Branchiwo ak Vali, wo 12èm seksyon kominal Tigwav. Kandida kap chanpyòn nan, ap genyen pou li benefisye 50.000 goud ak yon plak donè.

Share:

Leave a reply