Renel Jean pan’n tèt li akoz li di lap andire anpil pwoblèm bò kote fanmi li nan komin Delmas.

103
0
Share:
TRiboLAND

06/13/2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Renel Jean, yon sitwayen kap viv nan komin Delmas, Pòtopwens, arive mete fen nan vi li, vandredi 12 jen 2026 lan.

Dram sa a rive, se akoz li di fanmiy li ap bali twòp pwoblèm, se sa li ekri kite nan yon nòt selon sa fanmiy li rapòte. Renel te gentan bwè pwazon e anyen pat rive li; konsa, aprè li fin bwè pwazon an, li te pati kite kay li e yo te ap chèche li tankou chyen fou. Antouka, se byen ta nan vandredi 12 jen an, yo te arive dekouvri kadav sitwayen an.

Nap fè remake, Renel Jean mouri kite yon pitit fi ak madam li, mete sousa li te prezidan koral nan legliz evanjelik nan Delmas 33 nan Pòtopwens.

Share:

Leave a reply