Plizyè santèn sitwayèn ak sitwayen defile nan lari Tigwav.

59
0
Share:
TRiboLAND

06 – 12 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Plizyè santèn moun tout kalite defile nan lari Tigwav nan lannwit mèkredi 10 jen 2026 lan, nan objektif pou solidarize ak seleksyon Nasyonal peyi Dayiti ki pral patisiipe nan Koup Dimond FIFA 2026, yon gwo sòlòkòtè woule boul ki demare jounen jedi 11 jen an 3 peyi òganizatè : Etazini Kanada e Meksik.

Anpil residan nan Tigwav, te kontan foule beton an avèk alegrès nan mitan yon anbyans patriyotik ak fyète nasyonal. Patisipan yo te mache nan divès ri ak drapo peyi a nan men yo epi koulè mayo grenadye sou yo pandan yo tap chante e lanse slogan tout kalite. Pèp souvren, avèk yon espwi konbatif, ankouraje voye enèji pozitif bay sekleksyon Nasyonal la, kap defann yon koz istorik.

Toutfwa, tigwavyèn ak tigwavyen yo, mobilize nan lide pou montre vayan grenadye yo ke tout peyi a, dèyè yo

Share:

Leave a reply