EDH branch komèsyal Tigwav la bay popilasyon an garanti ap genyen kouran nan vil la pou fasilite pèp la gade Koup Dimond lan.

33
0
Share:
TRiboLAND

06 – 12 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Direktè EDH branch komèsyal Tigwav la, Geswil Noncirel, nan yon ti bat bouch ak laprès jounen jedi 11 jen 2026 la, pandan l te sou santye ak ekip li, li deklare tout kondisyon yo reyini pou fasilite popilasyon nan sant vil la ak zòn ki anviwonnant yo yon tilòsyè kouran pou yo gade Koup Dimond lan, espesyalman akoz peyi Dayiti ki nan batay.

Selon direktè a, fas ak sabotay gwo kamyon trailer yo kap fè rantre soti sou waf Tigwav la, ki koze gwo dega sou sistèm elektrik komin nan. Tankou sabotay poto, fil wot tansyon ak transfòmatè elatriye … Fas ak sitiyasyon sa a, pou pi rapid, genyen yon ekip teknisyen ki soti nan EDH santral Pòtopwens ki vini bay kout men nan ede yo repare liy rezo a; sepandan, responsab la fè konnen ya’p tan’n 6 batri ki pou vini soti Pòtopwens pou alimante motè yo.

Li enpòtan pou raple, sa genyen plis pase 4 lane depi je popilasyon tigwavyèn pa wè ak sa ki rele kouran EDH.

Share:

Leave a reply