Senlwidinò Dràm : Loudenie se non yon jèn ti demwazèl 15 lane, ki mouri kankannen ak yon kout loray

237
0
Share:
TRiboLAND

05/06/2026

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon jèn ti fi 15 lane mouri kankannen ak yon kout loray nan mache piblik Rivyèba, aprè midi vandredi 05 jen 2026 la, pandan yon ti farinay lapli.

Selon kèk temwen, Loudenie te akonpanye yon pwòch li nan mache a, pandan lap retounen te gen yon lapli ki tap farinen; konsa, yon gwo kout tonè gwonde nan syèl la, se wè yo wè li tonbe atè nan sab la pandan lafimen tap soti nan tèt li. Aprè tout manèv sekouris bwit sou kou, yo te kouri avèk li lopital Otrichen, kote l ta pral bay dènye soupi li.

Nan moman nap pale la, Loudenie trouve li ap glase nan yon mòg leta nan vil Pòdepè, akèlke kilomèt kote dram lan pase a.

Share:

Leave a reply