Chanjman Klimatik : Jounalis ak Anseyan Nòdwès yo resevwa fòmasyon pou vin ajan sansibilizasyon nan kominote yo

84
0
Share:
TRiboLAND

06/04/2026

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Direksyon Depatmantal Ministè Anviwonnman Nòdwès la, anba lidèchip Agronòm Noël Luckner, òganize yon fòmasyon espesyal pandan de (2) jou pou jounalis ak anseyan ki soti nan plizyè komin nan depatman an. Aktivite sa a te konsantre sou chanjman klimatik, konsekans li sou anviwònman ak lavi moun, ansanm ak estrateji ki ka ede kominote yo adapte yo ak nouvo reyalite klimatik la. Fòmasyon an te anime sou lobedyans Agronòm Nelfrard Nito epi li te reyalize gras ak sipò finansye Inyon Ewopeyèn atravè pwogram AMCCT.

Pandan diferan sesyon yo, patisipan yo te resevwa enfòmasyon sou fenomèn tankou sechrès, inondasyon, degradasyon tè, disparisyon kouvèti vejetal ak lòt efè chanjman klimatik ki afekte dirèkteman depatman Nòdwès la. Jounalis ak anseyan yo te pwofite poze kesyon epi pataje eksperyans yo sou difikilte popilasyon yo ap rankontre chak jou akoz pwoblèm anviwònmantal sa yo. Plizyè entèvansyon te mete aksan sou nesesite pou ogmante sansibilizasyon piblik la epi ankouraje pratik ki pwoteje anviwònman an.

Nan fen fòmasyon an, responsab yo te raple ke chanjman klimatik se yon defi mondyal ki pa epanye okenn peyi ni okenn kominote. Yo te souliye enpòtans pou chak sitwayen jwe wòl pa li nan pwoteksyon anviwònman an atravè rebwazman, bon jesyon resous natirèl yo ak rediksyon aksyon ki kontribye nan degradasyon ekosistèm yo. Patisipan yo, bò kote pa yo, te salye inisyativ la epi yo angaje yo pou sèvi kòm relè enfòmasyon nan lekòl yo ak nan medya yo, pou ede popilasyon an konprann pi byen danje chanjman klimatik yo ak mezi adaptasyon ki nesesè pou garanti yon avni ki pi dirab.

Share:

Leave a reply