Papouloute Jean Ronald nonmen nouvo Direktè Resous Imèn Lopital Otrichyen Sen Lwi Dinò

04/14/2026
SenLwi Dinò, Ayiti______(TRiboLAND)Yon nouvo etap enpòtan franchi nan administrasyon Lopital Otrichyen ki chita nan komin SenLwi Dinò, apre nominasyon ekonomis ak jesyonè òganizasyon yo, Papouloute Jean Ronald, kòm Direktè Resous Imèn enstitisyon an. Desizyon sa a deja soulve anpil espwa nan mitan popilasyon an ak anplwaye lopital la, ki wè nan chwa sa a yon siy renouvèlman ak bon jan jesyon administratif.
Nan okazyon sa a, Papouloute Jean Ronald te eksprime gwo rekonesans li anvè Premye Minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak Dr Sinal Bertrand, pou konfyans yo mete nan li. Li fè konnen li pran responsablite sa a ak anpil angajman, pandan li pwomèt pou travay san pran souf pou amelyore jesyon resous imèn yo ak ranfòse fonksyònman lopital la.






