SENK JÈN ETIDYAN DWA PRETE SÈMAN KÒM PRATISYEN AN DWA NAN TRIBINAL LAPÈ A JAKMÈL LA

04/10/2026
Jakmèl, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan vil Jakmèl, yon moman enpòtan make jounen vandredi 10 avril 2026 la, kote plizyè jèn etidyan nan 3e ane syans jiridik nan Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Jakmèl (EDSEJ) franchi yon nouvo etap nan karyè akademik ak pwofesyonèl yo. Sitwayen Pierre Rolin, Augustin Ted Barney, Numa Sophia, Delisca Sherley ak Pierre Jean Eddy prete sèman kòm pratrisyen an dwa nan Tribinal Lapè Jakmèl la, nan yon seremoni ki te dewoule ak anpil solanite.
Pandan prestasyon sèman an, nouvo pratrisyen yo angaje yo pou respekte lwa peyi a, pwoteje dwa ak enterè sitwayen yo, epi egzèse fonksyon yo avèk onètete, respè ak diyite. Sèman sa a reprezante yon etap fondamantal nan fòmasyon yo kòm pwofesyonèl nan domèn jistis la, pandan y ap prepare tèt yo pou sèvi sosyete a ak sans devwa ak responsablite.
Seremoni sa a se yon sous fyète pou fanmi yo, kominote Jakmèl la, ansanm ak EDSEJ, ki kontinye fòme nouvo kad pou sistèm jidisyè ak administratif peyi a. Li montre tou angajman jenerasyon k ap monte a pou patisipe aktivman nan ranfòsman leta de dwa a ak defans prensip jistis nan peyi a.






