Ogmantasyon Atak Teroris nan Nòdwès Nijeria kontinye ap vale teren : Plis pase 60 Moun Mouri,

04/08/2026
Nòdwès, Nijeria _______(TRiboLAND) Nan Nòdwès Nijeria, sitiyasyon an vin pi mangonmen chak jou ki jou. Plis pase 60 moun pèdi lavi yo nan yon seri atak manman penba ki fèt anba grif yon gwoup teroris; e sa fè anpil moun genyen gwo ak lapèn e enkyetid.
Madi pase a, nan vilaj Erena nan Eta Nijè, yon gwoup bandi ame te antre nan kominote a, e yo te tire sou moun san pitye, touye plis pase 20 moun nan yon sèl kou. Yè Dimanch lan, menm jan an, plizyè lòt vilaj nan Eta Kebbi ak nan Nijè te sibi menm atak la tou. Otorite yo lonje dwat sou gwoup Mahmuda, yon gwoup ki se konpayèl Al-Qaïda nan Magrèb, se prensipal responsab zak la. Yo te mete dife nan legliz, kay, ak byen pèsonèl moun, e yo te menm pran bèt ak pwovizyon an rezèv ke yo te genyen anlè galita.
Nan moman atak la, anpil moun ki te pè jiskaske yo leve kouri kite kay yo, e ale pran refij nan legliz ak lekòl nan vil Yauri. Gwoup Mahmuda, ki gen lyen ak Mahmud al-Nigeri, yon chèf gwoup Ansaru ki te kite Boko Haram, ap ogmante aktivite zak teworis yo. Se konsa, gouvènman an pap pran tan pou te reponn kif kif. Prezidan Bola Tinubu, nan yon efò pou mete fen nan sa, te voye militè ak polis nan rejyon an pou eseye reprann sekirite ak lapè piblik la.
Men, malgre efò sa yo, pèp la ap viv nan laperèz, ap tann yon solisyon ki ka pote sekou ak sekirite nan rejyon an. Chak jou, yo swete yon chanjman, yon tikal espwa nan fènwa sa a ki ap anvayi nòdwès Nijeria.






