GWO AKSIDAN NAN PÒDEPÈ, MACHIN PÈDI FREN SOU WOUT TWA RIVYÈ, DE MACHANN BLESSE GRAV

249
0
Share:
TRiboLAND

03/23/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo aksidan sikilasyon jodi lendi 23 mas 2026 la, anviwon 1è 05 minit, nan vil Pòdpè, presizeman sou wout Twa Rivyè a, toupre estasyon Gonayiv la. Daprè temwayaj moun ki te sou plas la, yon machin pèdi fren pandan li t ap sikile, sa ki fè chofè a pa t kapab kontwole li, e li vin frape nan zòn kote ti machann yo te enstale.

Nan aksidan sa a, de jèn fi ki t ap vann pwodwi kosmetik nan bouwèt blese grav. Youn gen pye kase tandiske lòt la gen senti bloke, sa ki fè eta sante yo kritik. Sitwayen ki te temwen sèn nan te pote premye sekou bay viktim yo anvan yo te transpòte yo ijan nan yon lopital nan vil la pou yo resevwa swen nesesè.

Ajan lapolis sikilasyon yo te rive rapidman pou mete lòd sou sèn nan epi fasilite sikilasyon an. Yo deja remoke machin ki te lakòz aksidan an. Sitiyasyon sa a mete aksan ankò sou nesesite pou chofè yo verifye bon fonksyònman machin yo, espesyalman sistèm fwen yo, pou evite lòt aksidan ki ka mete lavi moun an danje.

Share:

Leave a reply