Operasyon Fòs Lòd nan Blòk Lawòch : Arestasyon Antreprenè Ti Yves Le Roi Lage Plizyè Kesyon nan Popilasyon an

261
0
Share:
TRiboLAND

02/23/2026

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè inite espesyalize nan Polis Nasyonal d’Ayiti (PNH), tankou : Brigad kap Lite kont Vòl Veyikil (BLVV), Brigad Rechèch ak Entèvansyon (BRI) ak Brigad pou Lite kont Trafik Estipefyan (BLTS) mennen yon operasyon jodi lendi 23 fevriye 2026 la sou wout Aviyasyon, nan zòn Blòk Lawòch.

Operasyon an te abouti ak arestasyon antreprenè ki byen koni nan zòn nan, Ti Yves Le Roi. Selon temwen yo, entèvansyon an te fèt ak gwo dispozitif sekirite, sa ki te atire anpil moun epi pwovoke plizyè kesyon sou rezon ki dèyè aksyon an.

Aprè arestasyon an, ajan yo te deplase pou al fouye rezidans li ansanm ak plizyè nan biznis li yo, pami yo ponp gaz ki sitiye nan Ri 9. Jiska moman n ap ekri atik sa a, okenn kominike ofisyèl poko pibliye pou esplike vrè motif arestasyon an.

Sepandan, daprè enfòmasyon Jean Blanco pataje sou paj Facebook li, ta sanble antreprenè a ta achte yon machin ki sispèk, paske li se yon pasyone machin. Enfòmasyon sa a poko konfime pa otorite konpetan yo.

Sal redaksyon TRiboLAND lan kontinye swiv evolisyon sitiyasyon an pou pote plis detay ofisyèl bay lektè li yo.

Share:

Leave a reply