Veline Germain, kodonatris kominal solidarite Fanm Ayisyènn nan Grandans, plede anfavè refòm jistis nan rejyon an.

230
0
Share:
TRiboLAND

02 – 23 – 2026

Jeremi, Ayiti_____( TRiboLAND) Fas ak vyolasyon dwa moun, patikilyèman sou fanm ak tifi ki viktim enjistis aprè agresyon seksyèl, otorite jistis yo fè viktim yo pase pou bouro. Konsa, jij yo resevwa lajan anba tab pou vyole dwa viktim de bwa balanse yo.

Kòdonatris Germain ale pi lwen pou mande Konsèy Siperyè Jistis la, ak tout minis jistis la, pou mennen ankèt sou fonksyonman komisè gouvenman yo, pase pran jij yo, yon fason pou chèche konnen ki kalite jistis nan fo mezirèt key o ap delivre atravè jiridiksyon Jeremi an.

Kidonk, ansanm otorite jistis yo se pwensipal pwedatè dwa moun, patikilyèman sou ti lèzanj ak gramoun nan depatman Grandans peyi a.

Share:

Leave a reply