Ansapit selebre lanmou ak premye edisyon “PASKADO BÒ DLO A”

02/15/2026
Ansapit, Ayiti _____(TRiboLAND) Samdi 14 fevriye 2026 la, vil Ansapit te viv yon moman espesyal ak premye edisyon aktivite kiltirèl “PASKADO BÒ DLO A”. Evènman sa a te òganize sou lobedyans TRIP AN FANMI PRODZ anba direksyon Jeff Guillaume, nan okazyon fèt Sen Valanten a. Plizyè patisipan te reyini bò dlo a pou pataje moman lajwa, lanmou ak solidarite nan yon anbyans fratènèl.
Aktivite a te mete an evidans yon gwo animasyon mizikal ki te mete chalè nan espas la. DJ Donlay, 1 Tak, DJ Speed-G ak Jeff Reyel te bay piblik la bon son ki fè moun danse epi chante san rete. Ak sipò VIP PRODUCTION, òganizasyon an te byen estriktire, sa ki te pèmèt evènman an dewoule nan bon kondisyon sekirite.
Premye edisyon kiltirèl sila, montre kapasite jèn yo nan Ansapit pou òganize bon jan aktivite kiltirèl ki kapab bay lavi kominote a plis koulè ak dinamis. “PASKADO BÒ DLO A” deja parèt yon inisyativ ki ka tounen yon randevou kiltirèl vital chak ane, pou ranfòse lyen sosyal yo epi mete vil an valè.






