Falèz Lanmò Obè / Tifon : Konbyen Viktim Ankò Pou Leta san koutcha a Reyaji?

310
0
Share:
TRiboLAND

02/13/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Depi plizyè mwa, sitwayen yo pa sispann lanse apèl bay otorite yo sou gwo danje ki chita avan ou rive nan Kafou Dòrèt (Obè). Men malgre tout alèt ak kri detrès sa yo, silans lan kontinye. Se tankou zye ak zòrèy responsab yo fèmen… oswa petèt yo pa la ditou.

Nan lannwit mèkredi 11 fevriye 2026 la, anviwon 7è nan aswè, yon lòt machin manke tinbe nan falèz la. Selon temwayaj Louis Dalles Dessentiel, si tout pasaje yo pa pèdi lavi yo, se gras ak men BonDye ki ta kenbe yo.

Sa deja fè dezyèm machin ki tonbe nan menm falèz sa a pandan peryòd resan an. E daprè plizyè rezidan nan zòn nan, aksidan sou wout Obè / Tifon an vin prèske yon bagay nòmal. Preske chak semèn, yon lòt dram. Preske chak mwa, yon lòt antèman.

Twòp fanmi deja pèdi pitit yo nan aksidan sikilasyon sou menm seksyon wout sa a. Twòp manman ak papa ap kriye. Twòp dlo deja koule nan zye kominote a. Se kri Dalles bò kote otorite yo.

Wi, gen ka kote enpridans chofè antre an jwèt. Men anpil fwa, se absans Leta ki plis lakòz lanmò sa yo. Pa gen baryè sekirite. Pa gen siy ki make danje klè. Pa gen mezi serye pou prevansyon. E chak reta nan entèvansyon vin tounen yon kondanasyon pou yon lòt fanmi.

Konbyen viktim ankò pou responsab yo reyalize gravite sitiyasyon an ? Konbyen machin ankò pou tonbe nan falèz sa a anvan yo deside mete baryè pwoteksyon? Konbyen antèman ankò pou konsyans yo leve ? Se pami kesyon moun Obè, 2 seksyon kominal Pòdpe a kontinye ap poze.

Sekirite wout pa ta dwe yon favè. Se yon dwa. Pwoteksyon lavi sitwayen pa ta dwe depann de chans. Se yon obligasyon. Popilasyon an ap mande aksyon ijan : enstalasyon baryè sekirite solid sou bò falèz la, mete siy klè ki endike zòn danjere ak amelyorasyon ekleraj piblik nan seksyon an. ‎

Share:

Leave a reply