Fòlibète pran lari : popilasyon an leve kanpe kont move eta wout Kafou Chevri

242
0
Share:
TRiboLAND

01/29/2026

Fòlibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Maten Jedi 29 janvye a, yon gwo mouvman pwotestasyon eklate nan komin Fòlibète, nan depatman Nòdès la. Sitou nan zòn Kafou Chevri, kote ke popilasyon an deside pran lari pou denonse move eta wout la ke yo konsidere kòm yon gwo obstak pou lavi chak jou ki jou. Manifestasyon an te rasanble plizyè sitwayen ki fatige ak kondisyon deplorabl wout la.

Dapre manifestan yo, sa fè anpil tan y ap revandike reparasyon wout sa a bò kote otorite yo ki nan yon eta kritik, men tout demann yo rete san repons. Yo esplike move eta wout la rann transpò difisil, afekte aktivite ekonomik yo, e konplike aksè ak sèvis esansyèl tankou lopital ak lekòl. Sitiyasyon sa a mete popilasyon an nan gwo difikilte.

Fas ak silans otorite yo, manifestan yo lanse yon dènye apèl pou leta pran responsabilite li. Yo mande gouvènman an ak responsab lokal yo pou entèvni rapidman pou reabilite wout la, afin de soulaje soufrans popilasyon an epi favorize devlopman komin Fòlibète.

Share:

Leave a reply