PNH Jeremi pran gwo dispozitif pou sekirize sikilasyon woutyè

224
0
Share:
TRiboLAND

01/21/2026

Jeremi, Ayiti _____(TRiboLAND) Direksyon Depatmantal PNH Grand’Anse, atravè Sèvis Sikilasyon ak Polis Woutyè Jeremi, pibliye yon nòt enpòtan pou tout chofè moto nan vil Jeremi. Desizyon sa a pran aprè yon ensidan grav ki te rive lendi 19 janvye 2026, kote yon sitwayen pèdi yon grenn je apre yon parapli te vin antre nan je l pandan li t ap sikile sou moto. Evènman sa a souke konsyans otorite yo sou danje pratik sa a reprezante sou wout piblik yo.

Nan objektif pou pwoteje lavi tout itilizatè wout yo, espesyalman pasaje ak kondiktè moto, Sèvis Sikilasyon Jeremi anonse entèdiksyon fòmèl itilizasyon parapli devan moto pandan sikilasyon. Otorite yo bay yon delè jiska lendi 26 janvye 2026 pou tout chofè ki gen parapli sou moto yo vin retire yo. Apre dat sa a, polis woutyè a pral sezi tout parapli yo jwenn sou moto k ap sikile nan vil la.

PNH lanse yon apèl bay popilasyon an pou kolabore ak mezi sa a ki vize diminye aksidan epi prezève lavi moun. Dapre otorite yo, sekirite se yon responsablite kolektif ki mande disiplin ak respè règ sikilasyon yo. Chofè moto yo envite montre sans responsablite yo pou byen pa yo ak pou lavi lòt moun k ap itilize wout yo.

Share:

Leave a reply