Solidarite an aksyon : Nap Valorize Valè Yo ofri yon chèz woulant bay jèn andikape Papoute Agenor

253
0
Share:
TRiboLAND

01/19/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi dimanch 18 janvye 2026, ekip Nap Valorize Valè Yo te deplase nan ri Tèlfò, devan kay Gran Ti Mèt la, yon referans nan zòn nan, pou pote yon chèz woulant bay yon jèn gason andikape ki rele Papoute Agenor.

Inisyativ sa a soti sou demand Charles Nèg Vatikan, ki te rele K Navao, ki te fè konnen li remake sitiyasyon difisil yon jèn ki te vrèman nan bezwen yon chèz woulant. San pèdi tan, K Navao te lanse yon mesaj sou Facebook, kote li te mande sipò zanmi ak moun ki abitye akonpaye ekip Nap Valorize Valè Yo nan gwo aksyon solidarite yo. Repons lan pa t pran tan ditou, gras ak Miss Roselande Métayer Destin, ki te asepte soutni demand lan.

Malgre andikap li, Papoute Agenor se yon jèn ki batay pou viv diyite li. Li pratike metye koud soulye, kòm mwayen pou chèche lavi. Sepandan, dapre temwayaj li, andikap li mete l nan yon sitiyasyon vilnerab, kote gen moun ki konn pwofite pran afè li, sitou paske li pa kapab mache pou defann tèt li oswa fè revandikasyon.

Gwo jès sa a vin soulaje Papoute epi montre, ankò yon fwa, enpòtans solidarite ak respè pou diyite moun ki pi vilnerab yo nan sosyete a.

Share:

Leave a reply