Nan sousi pou remanbre sistèm edikatif lan, direksyon depatmantal ministè edikasyon nasyonal Grandans òganize yon asiz depatmantal.

01 – 16 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou remanbre sistèm edikatif lan, direksyon depatmantal ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl Grandans lan, realize tab sektoryèl ak diferan aktè ak sèktè nan sosyete sivil lan kou patenè kap travay nan domèn edikasyon pandan twa jou.
Daprè direktê depatmantal adjwent ministè a pou depatman Grandans lan, pwofesè Marck Antoine Pierre Louis, objektif asiz sila, se jis pou chache konnen pi byen pwoblèm sistèm edikatif la ki an defayans. Li pwezante egalman yon kaye dechaj nan yon gro rankont kap fèt nan repiblik Pòtopwens pou debouche solisyon konsète.
Diferan aktè, sektè sistèm edikatif lan, ki patisipe nan twa jou asiz doleans yo, swete revandikasyon yo abouti ak rezilta kap pèmèt genyen amilyorasyon nan sistèm edikatif lan, nan nivo piblik kou prive. Konsa, pou sa rive posib, fòk ansanm konsène yo nan zafè edikasyon pote sipò pa yo yon fason pou chanje vizaj edikatif lan nan Grandans ke anpiil moun konstate ki alagraba.






