Disparisyon chofè taksi nan Pòdpè : Fanmiy Julien Cantave lanse apèl pou èd

287
0
Share:
TRiboLAND

01/13/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Sa gen 8 jou depi fanmiy ak pwòch Julien Cantave, yon chofè taksi nan vil Pòdpè, ap viv nan gwo enkyetid apre disparisyon li.

Julien Cantave, ki rete Nan Kasav, te kite lakay li pou al fè aktivite taksi li, jan li abitye fè chak jou. Depi lè sa a, fanmiy li pa resevwa okenn nouvèl ni okenn tras sou kote li ye.

Daprè temwayaj fanmiy an, disparisyon sa a mete yo nan yon gwo panik, sitou lè yo konsidere kantite jou ki pase san okenn kontak. Yo di yo fè plizyè demach pou chèche enfòmasyon, men jiskaprezan, tout efò yo rete san rezilta.

Fas ak sitiyasyon sa a, fanmi Julien Cantave lanse yon apèl bay otorite konpetan yo, sitou lapolis, pou pran dosye a oserye epi mete tout mwayen disponib an plas pou ede jwenn li.

Yo mande tou kolaborasyon popilasyon an, sitou chofè taksi ak moun ki te ka wè oswa rankontre Julien Cantave nan jou ki sot pase yo, pou pataje nenpòt enfòmasyon ki ka ede klere sou disparisyon misterye sa a. ‎

Share:

Leave a reply