Konseye prezidansyè Lesly Voltaire prezan nan Jeremi sou envitasyon Chanm Komès Grandans lan.

242
0
Share:
TRiboLAND

01- 12 – 2027

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Sou envitasyon responsab Chanm Komès ak Endistri Grandans lan, konseye prezidansyèl Lesly Voltaire prezan yèswa dimanch 11 janvye 2026 lan nan Jeremi, nan objektif pou patisipe nan yon forum sou kesyon ekonomi.

Anvan menm dewoulman ansanm aktivite ofisyèl yo, se pwal pou jodi lendi 12 janvye 2026 lan, responsab yo òganize yon koptèl ofisyèl pou konseye Voltaire, ekip li ak kèk otorite lokal nan vil Jeremi; alòske jodi lendi a, se pwal gran deba sou aspè ekonomi ak devlopman dirab.

Ajan ekzekitif enterimè komin Jeremi an, Onèl Jacinthe ak direktè depatmantal adjwent enstitisyon polis Grandans lan, Roger Lamatiniere te akonpaye konseye prezidansyè Lesly Voltaire soti ayewopò pou kondwi nan espas kite rezève pou dewoulman aktivite ofisyèl yo.

Konsa, anpil moun espere retonbe yon parèy demach, kapab mete yon pwen final sou peripesi ti machann, madam Sara peyizan yo ki pa kapab mete pwent pye yo nan Pòtopwens pou al vann sa yo pwodwi nan jaden yo.

Share:

Leave a reply