Minis afè sosyal ak travay la, Georges Wilbert Franck via direktè depatmantal lan, Renord Jozil òganize gwo aktivite soup popilè nan Grandans

309
0
Share:
TRiboLAND

01- 02 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad solidarite ak moun ki pi vilnerab yo nan katye popilè yo nan Jeremi, tankou nan katye Sentelènn, Platon, Makandal, Nan Kòt Fè, Bèkye, site Sous Domaj, Sant vil Jeremi, ak Plas Dumas pou’n site sa yo sèlman; kidonk, yon latriye moun ki pa genyen mwayen pou fè soup joumou lakay yo , te reponn prezan atravè diferan zonn desèvis sa yo ke nou fè mansyon.

Selon konsta ak temwayaj, anpil moun nan kominote jeremyènn lan, se inik aktivite popilè ke ekip ki sou pouvwa a te inisye, nan objektif pou asiste sa yo ki pi vilnerab nan sosyete a. Konsa, yo te benefisye yon jès patriyotik pou kòmansman nouvèl ane 2026 lan nan Jeremi.

Alòske, pandan tout kòmansman mwa desanm 2025 lan, te genyen pawòl ki te fè kwè pwal genyen asenisman ke direksyon depatmantal ministè travo piblik Grandans lan ta pral òganize. Konsa, sa tap fasilite lib sikilasyon moun sou wout yo, e asiste mas defavorize yo jwenn yon ti tchotcho pou pase fèt fen dane 2025 la. Antouka, anpil moun ki te gentan al pran medsinn sou pentad mawon, te estime ke pouvwa anplas la , woule yo nan farinn.

Share:

Leave a reply