Direktè ekzekitif platfòm nasyonal pou pwogrè dwa moun lan, mèt Jackson Pierre Noël resevwa yon plak distinksyon.

12 – 15 – 2025
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou ankouraje ak apresye travay ak angajman direktè ekzekitif platfòm nasyonal dwa moun yo, pou sa li fè nan sosyete a, sitou nan sa ki genyen pou wè nan sipòte kouch ki pi vilnerab yo. Konsa, Inityativ Dwa Moun (IDHU) onore mèt Jacqueson Pierre Noël, pou angajman li anvè sak pi fèb yo nan sosyete a.
Daprè temwayaj divès sitwayènn ak sitwayen ki pale nan mikwo TRiboLAND, yo fè konnen direktè ekzekitif platfòm nasyonal dwa moun yo (PNPDH), se yon imanis ki souvan pote repons nan kalamite moun afè pa bon yo nan kominote ki fwape anba katastwòf kèlkonk.






