Se preske chak jou ki jou, aksidan sikilasyon pa sispann mete dlo nan je popilasyon Tou Bwa, nan Dichiti

221
0
Share:
TRiboLAND

12 – 09 – 2025

Pestel-Dichiti, Ayiti_____(TRiboLAND) Selon temwayaj abitan yo nan komin Pestel, zonn “Tou Bwa” senkyèm seksyon kominal Dichiti, yon jou pap fini pou pa genyen yon aksidan sikilasyon ki anrejistre nan mòn Tou Bwa, ki fè pati wout Jeremi – Okay la.

Aswè madi 09 desanm 2025 lan, yon kamyon kite chaje ak pwodwi premye nesesite pou al livre nan Jeremi, pèdi fren al chavire tèt nèg nan ravinn. Plizye malere arive blese grav, pami yo chofè kamyon an. Moun te kapab konstate ponyèt li kase sou plas.

Nan kad aksidan sila, ki pat genyen prezans anbilans ak Kwa Wouj, peyizan yo te fè anpil dilijans nan zonn lan, pou sove sa ki merite sove. Anpil nan viktim yo te oblije transpòte an ijans nan lopital Okay la.

Fas ak gro danje sikilasyon ki toujou planen sou do moun kap frekante wout Jeremi – Okay lan, anpil nan peyizan ou komèsan yo mande kilè TPTC ap fè yon jan pou reponn ak zònn malè pandye sila yo ki kontinye ap mete dlo nan je popilasyon an.

Share:

Leave a reply