Dosye Jounalis Majuste Myrlantha : Lou Evans Arne deklare l’ap rive lwen e anpil defandè gang ak toutè ap gen anpil pou pèdi

311
0
Share:
TRiboLAND

Nou sonje sa ki te rive lè Tony Vernio te nan Balade FM, kote CG Bellamin Jean Volney ki se Kondisip mwen tap eseye entimide li pou denonsiyasyon ki te konn ap fè yo?

Nou sonje ankò, Istwa Tony Vernio ak Me Fresnel Jean (djoudjou) pwofesè Istwa mwen nan LTG e zanmim te mete sou li, kote moun te defòme yon enfòmasyon ke Tony te bay sou Balade FM. ki te fo e achifo paske se pat konsa nouvel la te bay, e si se pat bon pye Tony Vernio, li te ka mouri avan lè li. Sonje kisa sa te fèt apwè kote te gen anpil Panik?

Fwa sa a, dosye Jounalis Majuste Myrlantha ap rive lwen ankò paske moun ki dèyè fèmen bouch li yo, ap gen pou pèdi tout. Ni toutè, ni souf nantchou, ni raketè, ni sipòtè gang, ni entimidatè ak tout moun kap danse kole ak gang mete ak dwòg dilè ki nan dosye sa a, elatriye ki panse yo ka entimide Majuste Myrlantha nan travay Libète La Pawòl kom Jounalis.

Fwa sa a, farin lan pap vini nan menm sak Tony Vernio a, se pa Reporter Sans Frontières selman ki pwal sou li men nou pwal egzije :
menm si, nou se moun ki pa dakò klèman ak Enjerans Entènasyonal la nan peyi a paske gen yon jan pou sa fèt men fas a menas sou Libète La Pawòl la, nou pwal voye dosye sa piblik bay tout Anbasad ak L’ONU pou pwan sanksyon kont tout “Chèf Gang”, “Sipòtè Chèf Gang” ak “Defansè Chèf Gang” nan Nòdwès ki ap pwan pòz kache verite a pou Entimide Jounalis Myrlantha.

PòdePè se yon pla men, tout moun konn tout moun menm si 80% moun kap viv PòdePè jodi a pa moun PòdePè vwe men si Rat Kay pa vann ou, Rat deyò pap ka achtew.

Nan dosye sa a, ka gen kom sanksyon entènasyonal :
Envestigasyon Sekret sou tout moun ki dèyè elimine ak imilye Jounalis Myrlantha yo.
Fè Koupe Viza sa ki genyen yo.
Bloke tout rapò Komèsyal ke yap fè a letranje.
Sezi byen ke yo tout genyen a letranje.
poun site sa yo selman….
Nou konnen byen ki yès Ti Landeng ye?

Depi se pou Libète La Pawòl, li pap jwe paske lè yon moun konn danse kole ak gang, tout enfo yo la, si la pwès lage yon ti pwent pa dwe gen ni Difamasyon, ni pwesyon, ni atak pèsonèl, ni…ni….ni…. etc…

Nap swiv dosye a de pwè epi nou menm poun fè pwan sanksyon kont tout moun ki dèyè dosye sa a…
Lou.

Share:

Leave a reply