Florid : Kominikasyon ant Dr. Rod Joseph ak yon group ayisyen nan vil Lauderhill, ap pran jarèt e boujonnen anpil espwa

491
0
Share:
TRiboLAND

10/25/2025

Lauderhill, Florid______(TRiboLAND) Nan objektif pou manifeste plis respè anvè kominote ayisyèn nan, nan konte Broward, Eta Florid e pou kontinye avèk tenasite koulwa kominikasyon li avèk yon seri imigran ayisyen ki konsène sou kondisyon nefas kap efondre Ayiti chak jou ki jou; Doktè Rod Joseph, kandida repibliken kap kouri pou jwen nominasyon pou distri # 20 an, te rankontre yon group sitwayen ayisyen konsekan nan vil Lauderhill apremidi samdi 25 oktòb, 2025 lan.

Yon rankont ki te reyini pwofesè, ansyen militè nan peyi Dayiti, ak yon pakèt lòt enfliyansè kle, ki tap poze kandida Rod Joseph yon seri gwo kesyon sou sitiyasyon peyi Dayiti a. Deba yo te plis chita sou pozisyon detèminous Pwezidan ameriken an, Donald Trump pou pote yon amelyorasyon nan kriz peyi Dayiti a. Joseph ale pi lwen pou li di ke ekip li, deja fè plizyè chita pale ak responsab konsène yo sou sitiyasyon peyi Dayiti kap deteryore anba inaktif ou konplisite polistisyen.

Anpil lòt bèl pwen te poze bò kote entèvenan yo, ki rete ekspwime yon sans satisfaksyon ak nivo deba yo ansanm ak tout sa Joseph te genyen pou revele. Anpil kontantman te anvayi espas la; patisipan yo te plede sipò anfavè kanpay militè ameriken retrete a, ki jounen jodi sila konsidere kòm lòbiyis pèp ayisyen an bò kote administrasyon Donald Trump lan, yon moun ki detèmine pou avanse koz peyi Dayiti a nan yon lòt nivo. Anpil revelasyon, reveye espwà lakay tout patisipan yo. Se te reyèlman yon veritab sewòm ki asosye ak volonte administrasyon Trump lan pou libere Ayiti anba grif politichyen kòriptè sanvègòy ak richyen kriminèl ki efondre nasyon Desalinn nan.

Antouka, rankont sila ki te pwevwa dure 2 èd tan, ta pwal pran plis ke 3 èd tan, avèk yon Dr. Rod Joseph ki te, kòm toujou nan onivo pwestasyon li, nan artikile san rabache ak woulem debò diferan pwoblèm popilasyon ayisyèn nan ap fè fas chak jou ki jou. Nan dènye jou sila yo, Dr. Rod Joseph parèt kòm youn nan pi gro zèl kat defansè popilasyon ayisyèn lan devan otorite pati repibliken an.

Share:

Leave a reply