Yon nouvo Direktè Pran Tèt TPTC nan Depatman Nò peyi a

Kap Ayisyen, Ayiti ______(TRiboLAND) Enjenyè Jaen Wilson Augustin se nouvo Direktè Depatmental Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (TPTC) pou Depatman Nò peyi aa. Li ranplase Enjenyè Pierre Raoul Leconte, ki te dirije enstitisyon an pandan anviwon onz (11) mwa.
Seremoni enstalasyon an fèt jodi madi 14 oktòb 2025 lan, nan lokal direksyon TPTC Nò a, an prezans plizyè kad, teknisyen, ak reprezantan otorite lokal yo. Nan okazyon an, nouvo direktè a pwomèt pou l travay nan yon lespri kolaborasyon, ak objektif pou amelyore sitiyasyon enfrastrikti yo ak sèvis teknik nan tout depatman an.
Ansyen direktè a, Ing. Leconte, te remèsye tout ekip la pou kolaborasyon yo pandan manda li, pandan li swete siksè ak kontinite nan sèvis piblik la ki deja lanse nan rejyon an.






