Paskatabwa : Popilasyon an leve kanpe kont fanmi Fertil yo

302
0
Share:
TRiboLAND

Paskataba, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan 5e seksyon kominal Pòdpè, plizyè sitwayen Paskatabwa pran lari jounen jedi 02 oktòb 2025 lan, pou denonse sa yo konsidere kòm abi ak dapiyanp fanmi Fertil sou byen kominotè a.

Manifestan yo mete madanm Annaise Fertil ansanm ak mari li Jean Volney Bellamin nan tèt akizasyon yo. Daprè yo, koup la ap sèvi avèk feblès lajistis, enfliyans epi abi pouvwa pou pran avantaj sou tè ak resous ki ta dwe sèvi tout kominote a.

“Nou bouke ak enjistis sa yo. Se byen komin nan, se pa pou yon sèl fanmiy. Nou mande otorite yo pran responsabilite yo prese prese,” se deklarasyon yon manifestan deklare pandan mouvman an ki te fèt ak branch bwa, pankat, mizik rara kap denonse vagabon.

Moun yo denonse sibtiti komisè nan Pakè Gonayiv la, Mèt Annaise ki vle rekipere yon seri byen papa-l te vann plizyè òganizasyon entènasyonal depi plizyè dizèn ane, pou konnya ki ta dwe rete pou kominote a, aprè depa òganizasyon sa yo.

Popilasyon an egzije entèvansyon rapid nan men otorite lokal yo ak lajistis, pou mete fwen nan pratik yo denonse kòm malonèt ak danjere pou viv ansanm nan.

Nan fen mouvman an, sitwayen yo lanse yon apèl bay tout enstitisyon ki konsène yo, pou garanti dwa kominotè yo epi mete plis lòd nan jesyon byen piblik anba je awousa kap fè dap piyanp sou resous kominotè nan yon seri rejyon.

Share:

Leave a reply