Gro lapli kap tonbe atravè diferan komin depatman Grandans lan, fè anpil dega nan komin Anzdeno.
Anzdeno, Ayiti_____(TRiboLAND) Gro lapli kap tonbe atravè diferan komin depatman Grandans lan, fè anpil dega materyèl. Tèt bèt ak jaden kandale desann nan rivyè ak nan lanme, disparèt tout espwà peyizan yo; alòske yon santèn kay andomaje.
Majistra komin lan, pwofèsè Richard Maciano, ki fè yon bilan pasyonèl de retonbe entanperi a, fè konnen genyen plizyè dizènn fanmi ki genyen kay yo ki inonde anba dlo; konsa, yo pèdi sa te genyen pou yo viv pandan move tan an.
Selon yon notab nan rejyon an, popilasyon afekte a, nan nesesite yon latriye bagay tankou: rad, kabann, dlo, manje ak mwayen lojistik pou akomode sinistre yo. Paralèlman, meri a pa genyen mwàyen asistans yo.
Konsa, genyen ijans pou Leta Santwal ak òganizasyon imanitè yo, aji pwese pwese nan pote sekou bay viktim yo nan komin Anzdeno swit ak move tan an ki vinn rann lavi moun Anzdeno pi difisil, depi ekzistans yo kòm kominote.






