Frantz Choubert Fils-Aimé ranplase Avéus Ilioner nan tèt DGI Nòdwès la

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon seremoni ofisyèl fèt pou make chanjman nan tèt DGI branch Nòdwès la. Nan okazyon sa a, Frantz Choubert Fils-Aimé te enstale kòm nouvo responsab, kote li ranplase Avéus Ilioner, ki te dirije enstitisyon an pandan 13 lane.
Choubert, ki se yon pitit Ba Nòdwès epi ki deja genyen plizyè deseni eksperyans nan sèvis fiskal peyi a, pran angajman pou-l mete detèminasyon ak kolaborasyon sere ak tout anplwaye yo pou ranfòse misyon DGI nan depatman an. Seremoni ofisyèl la te prezide sou lobedyans Joël Bernardin, Direktè DGI Nò a.
Bò kote pa li, Avéus Ilioner kap transfere kòm konseye nan depatman Sant lan, te fè yon bilan pozitif sou 13 lane sèvis li yo. Li deklare li kite pòs la ak yon santiman devwa akonpli, menm si li te soulve kèk rezèv sou mank kominikasyon nan fason chanjman yo fèt. Daprè li, yon pi bon dyalòg tap ka fasilite tranzisyon an pi byen.






