Pòdepè : kominote nan lokalite Ri Pi Dis leve jwen yon kadav blayi de pye devan maten an

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Moun nan zòn Ri Pi Dis, toupre Inivèsite Piblik la, leve maten vandredi a ak gwo kè sere aprè yo te remake yon kò san vi blayi 2 pye devan nan riyèl la.
Daprè plizyè temwen, viktim nan se ta yon dam ansent, men yo pa konnen idantite ak destinasyon-l. Temwen yo fè konnen yo pa remake okenn siy vyolans ni mak sou kò a. Yo plis vle kwè li ta ka yon sitiyasyon medikal kote viktim nan te bezwen asistans ke li pa-t rive jwenn a tan.
Jij Yonel Obsaint, titilè tribinal de pè Pòdpè a, te rive sou plas pou konsta legal yo. Pou kounye a, otorite yo poko bay okenn detay ofisyèl sou idantite viktim nan ni sou kòz reyèl lanmò a. Aprè konsta, otorite jidisyè yo te kite kò a atè a paske yo pat kapab jwenn fanmiy viktim lan.






