Pòdpè : Enjenyè Fernand Wedson ansanm ak etidyan Compumax yo fè yon jès solidarite nan prizon sivil la

562
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon atmosfè agonizan, mizèrere ak absans resous, prizonye prizon sivil Pòdpè yo jwenn yon ti souf solidarite. Enjenyè Fernand Wedson, ansanm ak yon gwoup etidyan lekòl Compumax, vizite Sant Kaserasyon vil Pòdpè a, nan kad distribisyon plizyè kit ijyenik bay prizonye yo.

Daprè Engenyè a, sitiyasyon prizonye yo nan Pòdpè se yon “katastwòf imanitè”, kote moun yo ap viv nan kondisyon ki pa gen okenn dinyite. Li fè konnen chak fwa gen yon moun oubyen yon gwoup ki pote yon ti jès konsa, se yon siy espwa pou moun ki bloke dèyè kat miray yo.

Responsab prizon an konfime ke plis pase 300 prizonye ap viv ladan-l, e 90% ladan yo depann nèt sou Leta, paske yo pa gen fanmi oubyen zanmi ki pote manje oubyen lòt sipò pou yo. Sa mete yo nan yon sitiyasyon ekstrèm ki alalfwa difisil.

Etidyan Compumax ki te vizite prizon an pou premye fwa pa-t ka kache emosyon yo. Gen ladan yo ki te gen dlo nan je devan kondisyon lavi prizonye yo, malgre anpil ladan yo se moun ki nan prizon pou rezon jistis. Yon etidyan deklare: “Nou pa-t ka imajine moun ap viv konsa nan peyi a. Se tankou yo bliye yo.”

Jès solidarite Enjenyè Wedson ak etidyan yo vin raple yon verite senp: nan prizon, gen moun ki se sitwayen menm jan ak nou, yo merite dinyite ak konsiderasyon.

Share:

Leave a reply