Pòdpè : Doktè Berly Geneus lanse inisyativ pou sipòte operasyon foutbolè Pierre Johnly Muller

614
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRibiLAND) Doktè Berly Geneus lanse yon inisyativ pou ede jèn foutbolè Pierre Johnly Muller (PJM), ki ap viv ak yon timè nan vizaj li depi plizyè ane, jwenn swen medikal apwopriye.

Inisyativ sa a, ki te kòmanse depi kèk jou, se yon jès sosyal Doktè Berly pran nan objektif pou akonpaye jèn atlèt la. Doktè a deja antre an kontak ak yon lopital nan peyi Kiba, kote yo prevwa operasyon an ap fèt.

Sepandan, daprè Doktè Berly, PJM dwe antre Pòtoprens pou yon premye evalyasyon chirijikal. Rezilta egzamen sa a ap pèmèt lopital Kiba prepare yon rapò medikal sou ka a avan yo asepte fè operasyon an.

Pou kouvri frè deplasman ak mwayen nesesè pandan twa (3) jou jèn foutbolè a dwe antre Pòtoprens pou evalyasyon sa yo, Doktè Berly mande sipò moun de bon volonte.

Li klè sou yon pwen : li pa angaje tèt li nan ranmase lajan. Tout moun ki ta vle pote sipò kapab kontakte dirèkteman manman PJM, Ernise Louissaint, oswa yon pwòch li, Pierre Philippe Johnly, atravè nimewo Mon Cash ak Nat Cash sa yo : 📞 (+509) 4434-7300 / 4202-2053.

An menm tan, Doktè Berly avèti popilasyon an pou yo vijilan kont eskanmòtè ki ta ka eseye sèvi ak sitiyasyon an pou pwofite. Sipò yo dwe fèt volontèman, epi moun pa dwe pran oken apèl ni presyon pou mande kontribisyon. Li fè konnen, pa gen okenn kolèk pou operasyon an pou kounye a, paske yo poko gen yon estimasyon presi sou konbyen lajan entèvansyon an ap koute.

« Veye anwo, veye anba ! » se mesaj Doktè a voye bay tout moun, pandan-l pwomèt yo yap kontinye enfòme piblik la sou tout devlopman ki fèt nan dosye sa a.

Share:

Leave a reply