Lajistis ayisyèn libere ansyen senatè Nenel Cassy sou baz “Gang libere gang”

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Pèp ayisyen an pran yon lòt kalòt moral ankò lè swa dizan jistis peyi a, deside lave kon Pilat ansyen senatè Nip lan, Nenel Cassy ki arive jwen li berasyon li jodi madi 19 dawou 2025 lan, aprè yon odisyon avèk komisè gouvènman Pòtopwens lan, Mèt Frantz Monclair.
Liberasyon sispèk sila, ke anpil moun estime ki ta genyen anpil pou wè avèk kòkòday ke pwomotè mouvman gang lan genyen avèk pouvwa anplas la, pa sispan soulve anpil endinyasyon sou rezo sosyàl yo. Genyen moun, ki menm ale pi lwen pou kalifye yon parèy similak kote ke se “Gang ki libere gang”!
Aprè 17 jou won kon djondjon, Cassy “sove dèzo”, e ta menm jwen plizyè lavaj benediksyon ki netwaye pi byen blan ke nèj. Poulen Nip lan jwen arestasyon li 2 dawou ki sot pase a, aprè li te genyen yon manda trennen pote vini pou akizasyon konplotè kont Leta, finansman òganizasyon gang ak konplisite nan asosyasyon malfektè ou makanda.
Nap raple, ansyen senatè Nenel Cassy figire pami yon group sangwen ki tonbe anba sanksyon peyi Etazini ak Kanada sou akizasyon finansman gang elatriye, nan objektif pou destabilize peyi Dayiti.






