Nòdwès : Siyati Akò 14 dawou 2025 pou yon nouvo Tranzisyon

Par TRiboLAND.com
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Plis pase 160 òganizasyon nan depatman Nòdwès la siyen jodi jedi 15, yon dokiman politik ki pote non Akò 14 dawou 2025, sou inisyativ Òganizasyon Devlopman Entegre Peyizànri Ayisyèn (ODIPHA). Akò sa a vize mete sou pye yon Assemblée Citoyenne de Transition (ACT), kòm yon demach pou lanse yon nouvo faz tranzisyon nan direksyon yon lòt klas politik.
Odiel Nelson, pòtpawòl ODIPHA a, fè konnen sinyati yo fasilite yo pran yon angajman pou “kreye yon altènativ reyèl kont echèk estrikti tranzisyon ki sou plas jounen jodi a.”
Kesyone sou objektif mouvman an, Joseph Samuel, youn nan manm delegasyon òganizasyon an, te reponn: “Nou pa nan chanje figi pou menm sistèm nan kontinye. Nou vle kase ak vye pratik yo pou mete yon baz solid pou yon tranzisyon serye.”
Yo konsidere Konsèy Pwezidansyèl Tranzisyon an (KPT) kòm yon estrikti ki deja echwe. Nan sans sa, yo mande KPT a remèt pouvwa apati 7 fevriye 2026. Yo pwopoze mete sou pye yon dènye tranzisyon ki ka dire 2 lane, anvan louvri chemen pou yon lòt dinamik politik nan peyi a.
Akò 14 Out 2025 lan, make yon nouvo etap nan mobilizasyon politik nan Nòdwès, kote plizyè santèn òganizasyon lokal ap chache pwa nan definisyon lavni politik peyi a.






