Gwoup kap apiye devlopman ak demokrasi (GRADE) òganize 2 jounen fòmasyon pou divès sektè nan sosyete sivil Grandans lan.

237
0
Share:
Triboland

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad pwogram fòmasyon lidè nan sa ki konsène kriz imanitè ak ijans, gwoup kap apiye devlopman ak demokrasi (GRADE) nan Grandans ak sipò ekonomik anbasad ameriken an Ayiti, òganize 2 jounen fomasyon sekouris ak akonpayman sikososyal pou diferan sektè nan sosyete sivil Grandans lan .

Selon kòdonatè depatmantal gwoup kap apiye devlopman ak demokrasi a, pwofesè Ivon Janvier deklare ke fòmasyon sa yo antre nan kad teknik Pwoteksyon sivil Grandans ak Lakwa Wouj Grandans. Pou li menm, seyans yo ki dire 2 jounen, pral ògmante kapasite sèvis jènn sekouris, enfimyè, e jounalis yo pou entèvni an ka ijans ak katastròf.

Anviwon yon senkantèn patisipan diferan sektè oganize nan sosyete sivil Grandans lan, ekprime satisfaksyon yo selon yon ansanm konesans an plis ke yo resevwa sou kesyon jesyon ijans an ka katastròf natirèl.

Angro, benefisyè yo swete jwenn lòt seminè ou fòmasyon kap pemèt yo ranfose plis kònesans nan operasyon sove vi ak byen moun.

Share:

Leave a reply