Nan okazyon fèt patwonal Monkamèl nan pawas Fon Wouj Dayè, plizyè santènn fidèl legliz katolik fè deplasman.

Jeremi, Fon Wouj Dayè, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè santènn pèlerin legliz katolik ki te soti nan depatman Grandans ak Sid jounen mèkredi 16 jiyè 2025 lan, te reponn prezan nan 8èm seksyon kominal Jeremi, Fon Wouj Dayè, pou mande manman Monkamèl retire pèp ayisyen an nan sityasyon lawont majorite popilasyon ap viv depi yon bon bout tan.
Pè Makaty Emil, vikè jeneral legliz katolik lan nan Grandans, nan romeli sikonstans lan, mande swadizan dirijan ayisyen yo, pou pwan tikal konsyans de eta tèt yo. Li mande yo reflechi pou wè eske yap mennen peyi nan bon direksyon. Se te egalman yon bon okazyon pou pè Makaty Emil lte anse yon mesaj klè bay kominote entènasyonal lan, pou mande yo sispann itilize konze ou Chal Oska ayisyen yo pou fini ak fyète pèp ayisyen an.
Finalman, kire pawas Sen Lwi an, Makaty Emil ankouraje kretyen ou fidèl legliz la, pou pa rete nan lapriyè san fê aksyon pou transfòme sosyete. Konsa, yo dwe nan tout fason kapab itil tèt yo ak anviwoman yo ladan’l lan. Pou prèt legliz katolik lan, Bondye Lavi a, pa kreye’n pou viv tout tan nan mizè, se lòm ki mete nou nan kondisyon mizerab sa yo. Kidonk, nou dwe lite pou n sòti tèt nou e aji kòm moun ki renmen lavi.






