Dram sou sèn kiltirèl : Atis Zoegar sove dejistès aloske yon kouzen li blese gravman grav

435
0
Share:
Triboland

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon polisye UDMO blese grav yon kouzen jèn atis Zoegar, Wata Afrika, nan yon pwogram mizikal li tap fè nan lannwit dimanch 13 jiyè 2025 lan, nan zòn Dè Lafabwik, lakay Kèkèl ozanviwon 11è nan aswè. Daprè blizyè temwen ak fanatik, polisye a fisye kouzen atis la ak 2 bal bò kou, aprè yo te nan yon gwo diskisyon pou yon fanm, epi kouri dèyè atis Zoegar pou tire-l, ki li menm sove dejistès bò rivyè Pòpde a.

Daprè sa atis la ekri sou paj Facebook li, dram sa vin fèt nan pwogram an se akoz vendik li gen pou nouvo albòm li a, nan pwòp vil natal li. Zoegar se yon talan kap pran mileyaj nan mizik la nan nivo mondyal, pou nou pa di nan Nòdwès peyi Dayiti. Li te lanse premye albòm li an “Nèg”, ofisyèlman nan dat 5 jiyè ki sot pase la. Se premye pèfòmans mizikal li apre soti albòm lan.

Si nan jou ki sot pase a, Komisè Gouvènman Pakè Pòdpè a, Jeir Pierre te deklare jan de aktivite sa yo dwe fini apati de minwi, e depi-l fè 11è son yo dwe kòmanse bese. Si sa pèsiste lapolis ap mete lòd, kèk jou aprè se polisye mal entansyone ki vin simen latwoublay.

Divès moun nan site kapwa lamò a, kritike konpòtman biza yon seri polisye kriminèl ki aji tankou bouwo anvè divès jèn gason ki pa vrèman reprezante danje pou yo.

Share:

Leave a reply