20 lane kontra avèk Blackwater sou pretèks pou derasine gang, sa plis ke yon lòt fòm kolonizasyon ak eksplwatasyon richès Dayiti!

583
0
Share:
TRiboLAND

Enel Richard

Pi gro nouvèl rete kè jounen jodi jedi 12 jen 2025 lan, se desizyon dirijan iresponsab ayisyen yo ki ta sanble asèpte sinye yon kontra 20 lane operasyonèl avèk konpayi mèsenè ameriken degize, Blackwater, daprè medya anliyn Team Rudy Officiel, emisyon “Se Sa Nou Vle” avèk analis ou kòmantatè politik eksperimante, Rudy Sanon relate.

Pou anpil kritik, yon parèy demach anonse okipasyon makiye e miskle ki pwal petèt fasilite eksplwatasyon richès minerè nou yo avèk konplisite yon seri dirijan mantalman dezekilibwe e ki pwofite livre resous peyi a an echanj sekirite.

Pwoblèm nou apèn kòmanse! Nou tap kouri pou lapli, nou tonbe nan rivyè! Nou reyèlman nayif, lè nou kwè yon fòs sekirite etranje, pral pote sekirite nan peyi Dayiti, ki deja anba pye pwisans kolonyàl yo depi jou endepandans li. Li difisil pou yon moun imajine, kòman yon seri swadizan dirijan ki te sou ban lekòl, arive menm imajine asèpte kondwi tout yon pèp anba bòt yon fòs ki tap chèche yon bagay anlè, li jwen li atè.

Se bonjan egzanp “Le corbeau et le renard”! Gang ki nan tèt peyia e ki pral fokis pou pwoteje gang parèy li, osito fòs etranje degize, Blackwater a antre, reyèlman fè yon bon travay, kòm esklav salon, pou fini nèt ale ak Ayiti. Dirijan rejton sila yo, ke pwezidan fwansè a te kalifye kòm enbesil, ta pwouve yon lòt fwa ankò ke Emmanuel Macron te genyen rezon. Asèpte sinye yon kontra 20 lane avèk yon swadizan group mèsenè (okipasyon degize), ki te deja fè yon latriye zafè nan plizyè lòt peyi; sa plis ke enbesilite!

Anpil kesyon ki merite poze pou Larepiblik:

1. Eske tout moun pa konnen pou ki moun gang yo ap travay; yo di li plizyè fwa deja?
2. Kòman popilasyon ayisyèn nan pral demele li, pou fè fas kare ak yon parèy fòm kolonizasyon ou desouverènte?
3. Ki sa ki genyen ki bon konsa, nan yon peyi ke Presidan Donald Trump te kalifye “Sh… Country”?
4. Kòman yon ekip bwasè kapab aroje yo sinye yon swadizan kontra pou 2 deseni avèk Blackwater san oken konsiltasyon popilè?
5. Ki lòt fòs ki ap genyen pou sipèvize operasyon konpayi degize sila?
6. Eske se reyèlman afè gang kap vinn regle pandan 20 lane?
7. Ki ramifikasyon ki genyen ant Blackwater avèk le gouvènman ameriken nan teyàt ou konplo makiye sila kap maniganse aktyèlman anndan peyi
Desalinn nan?
8. Eske se ta yon fòm okipasyon pou netralize tout moun ki kont eksplwatasyon evantyèl kolon yo ki pa sispan ap eksplwate richès minyè nou yo
ke yo te toujou ap konvwate e menm eksplwate anbachal?
9. Ki relasyon Gouvènman ayisyen an avèk konpayi tankou: “Haiti Mining SA”, EMX Royalty Corp a”?
10. Ki rapò ki genyen avèk Komite Pilotaj la, responsab konsène yo, Referandòm sou modifikasyon Manman Law peyi a, ak entèvansyon degize
Blackwater ak resous minyè peyi Dayiti?
11. Eske dirijan ou swadizan lèdè nou yo pa genyen dimansyon ase pou wè sa ki ap pase nan peyi afriken yo?
12. Pou ki sa yon kontra 20 lane ak swadizan konpayi degize Blackwater?
13. Etan done, esklav salon yo pa menm manke mete popilasyon an an konfyans sou kantite kòb yo ap genyen pou peye Blackwater pandan 20 lane.

Li enpòtan pou kesyon kòman konpayi degize a ap touche? Eske se nan eksplwatasyon resous minyè yo, jan sa ap fèt sou fòm ekschanj ak gwoup mèsenè rus Wagner nan kèk peyi nan Kontinan afwiken an?

Antouka, nou devan yon fè akonpli! Egzakteman, nan yon pozisyon ki ekstrèmeman kritik. Yon moman tris, kote ke yon seri dirijan idyo oblije nou chwazi ant “touman, lanfè ou tribilasyon”. Swa (antant avèk gang ki pare pou ta denonse yo otè entèlektyèl tout zak teworis sa yo; kolonizasyon e eksplwatasyon richès avèk mèsenè minerè yo; ou byen leve kanpe, reziye nou, pou nou fè li jan peyi afrik yo arive fè’l la).

Enel Richard, Sitwayen angaje

Pòtopwens

Share:

Leave a reply