Selebrasyon 30 èm anivèsè PNH : yon mès chante pou mete aksan sou sakrifis ak responsablite repiblikèn enstitisyon an

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Se jounen jedi 12 jen 2025 lan, PNH la selebre 30 lane egzistans li. Pou make jounen sila, yon gwo mès aksyon degras te rive chante anndan katedral Imakile Konsepsyon maten an nan vil Pòdpè, sou inisyativ klèje dyosèz la, Mgr Charles Peters Barthélus, pou remèsye Granmèt la pou sakrifis ak responsablite repiblikèn polisye yo.
Anprezans divès enstans ak pèsonalite, responsab eklezyastik yo te mete anfaz sou konpleksite travay polisye yo fas ak yon sekirite ke nasyon ayisyèn pat janm viv. Nan omeli sikonstans lan, Rev. pè Stinphil Jimson, nan entèvansyon l, te felisite polisye yo, malgre mèg mwayen yo, ki toujou brave danje nan akonpanye popilasyon nan kad pwoteje ak sèvi ki se kredo enstitisyon an.
Nap fè remake, tou swit aprè mès la, Direksyon depatmantal Polis Nòdwès la, atravè entèvansyon l, te voye gwo kout Ayibobo pou popilasyon Nòdwès la, ki toujou founi lapolis bonjan enfòmasyon pou kontinye ak pwosesis trankilite piblik la nan Nòdwès.






