Prezidant komisyon kominal Jeremi an, Sylmatha Pierre bay tèt li misyon pou fasilite lib sikilasyon nan vil Jeremi.

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou fasilite lib sikilasyon nan vil Jeremi, Prezidant komisyon kominal Jeremi an, Sylmatha Pierre, ak sipò teknik direktè depatmantal travo piblik Grandans lan, enjenyè Kesnel Paris, konte finanse kèk òganizasyon non gouvènmantal nan kad egzekisyon yon pwoje amelyorasyon anbouteyaj ou sikilasyon nan sant vil Jeremi.
Se konsa, genyen yon seri dispozitif ki vize kraze tout kay ki reprezante yon danje pou popilasyon an, e an menm tan fè nouvo pèse, sitou nan sant komèsyal vil Jeremi an, zòn Gran Ri.
Majistra Sylmatha Pierre, pwan mezi pou kraze kay nan sant vil Jeremi an, yon fason pou evite popilasyon viktim anba yon seri vye kay malè pandje ki egalman sèvi kachèt bandi. Nan sans sa, sèvant piblik la swete jwenn kolaborasyon tout lòt sektè yo nan vil lan ki swete wè Jeremi ap bouje nan nivo devlopman.
Jeremi se pou mwen, se pou ou e se pou nou tout! An nou pote kole pou vil sila kapab reprann eskanp vizaj dantan li, ki te yon bote sedwisant.






