Kòdonatè Nasyonal Etwal popilè a, Alexis Clairuis, fè kwè ekip ki sou pouvwa a, pa genyen tit ak kalite pou chanje manman lwa peyi a.

476
0
Share:
TRiboLAND

Bomon, Ayiti_____(TRiboLAND) Kòdonatè Nasyonal Etwal Popilè a, Alexis Clairuis, mete an dout posiblite pou ekip kap pyafe sou pouvwa a, ki genyen ladan’l nèf konseye prezidansyèl bwasè ak gouvènman Alix Didier Fils Aimé a kap voye flè ak jilbwèt.

Daprè, Kòdonatè Alexis Clairuis, mesye dam yo, pa genyen ni tit, ni kalite pou chanje manman Lwa peyi a pou pwofi ak enterè politik e ekonomik yo, yon fason pou kenbe pèp ayisyen nan plis mizè, chomaj ak ensekirite.

Alexis Clairuis, fini pou’l mande pèp ayisyen an nan tout nivo, mobilize pasifikman pou fòse delenkan ou san konsyans sa yo, kite pouvwa, anvan menm sèt fevriye 2026 la, e remèt gouvènans peyi a bay dirijan serye ki genyen nenn nan figi, e ki fè prèv ti kal konsyans ak karaktè patwiyotik, e pwofesyonèl.

Share:

Leave a reply