Pou make 222è ane ekzistans drapo ayisyen an, Konseye Prezidansyèl Tranzisyon an, Louis Gerald Gilles te nan Jeremi.

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Louis Gerald Gilles, Konseye Prezidansyèl Tranzisyon an, ki te akonpaye kèk manm kabinè l, tankou Doktè Frince Sonson Pierre, Konseye espesyal li, mèt Fils Aimé Joassaint, te prezan nan Grandans, pou patisipe fizikman nan diferan aktivite nan kad komemorasyon drapo a, malgre move kondisyon lavi majorite a.
Doktè Louis Gerald Gilles, te pwofite okazyon pou reyini ak diferan chèf sèvis piblik yo, sou fonksyonman biwo piblik yo nan depatman Grandans lan. Konseye Prezidansyèl Tranzisyon an, te renmèt yon anbilans ak yon Toyota Land Cruiser bay direktè depatmantal Sanitè Grandans lan, doktè Pierre Boutròs Gally, jis pou ranfose sistèm sanitè a kap mache bwete nan Grandans.
Malgre anpil moun te profite onore e di “me Ton Gille tololo” kòm pitit Grandans, anpil kritik mande jous ki lè politisyen an ki fè pati 9 bwasè kap desose peyi a, ap deside bay moun Grandans esplikasyon sou dosye kòripsyon BNC a.






