Selebrasyon 222e anivèsè drapo ak Inivèsite nan vil Pòdpè

447
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti_____(Triboland) Se jounen dimanch 18 me 2025 sila, pèp ayisyen an, atravè 10 depatman jewografik peyi Dayiti, anpatikilye depatman Nòdwès, selebre 222 lane kreyasyon drapo ak inivèsite.

Nan okazyon an, yon gwo mès pou di Granmèt la mèsi, te rive chante anndan katedral Pòdepè a, byen bonè maten dimanch 18 me 2025 lan. Yon sòlòkòtò ki te benefisye anprezans divès enstans ak pèsonalite : direktè depatmantal Polis Nódwès la, komisè Divizyonè Clevens Cétoute, akonpanye twoup li, direktè depatmantal Edikasyon Nódwès la, pwofesè Levoyant François akonpanye ekip li, direktè lekól yo ak elèv yo, etidyan Inivèsite, ansyen majistra komin Pòdpè a, mesye Charles Guillet Salvador…pou n site sa yo sèlman.

Prèt selebran an, ki se aktyèl Chanselye dyosèz Katedral Pòdpè a, Rév père Mathieu Dorcély, ki tap preche tèt ansanm nan mitan nasyon ayisyèn nan, pat manke elabore sou nesesite pou rive sove peyi a nan salmanaza sila. Monpè Dorcély ale pi lwen pou li dekri kòman yon seri zòn tounen dezè, kote tout sitwayèn ak sitwayen vle abandone’l pou al chache lavi miyò lòt kote. Konsa, li te adrese’l dirèkteman ak etidyan Inivèsite yo, pou di yo ke “avni peyi Dayiti depann de yo atravè rechèch y’ap pwodwi.

Selon prèt katolik la, ankenn peyi pa kapab devlope an absans etidyan Inivèsite yo ki se motè devlopman anndan tout sosyete atravè bonjan rechèch y ap pwodwi. Pè a kontinye pou l di “si yon etidyan Inivèsite pa mete sa nan tèt li ,menmsi l te pase tout vi li ap loreya anndan Inivèsite a, se lave men swiye atè. Kidonk, sa vle di tout etidyan Inivèsite dwe konnen devlopman peyi a dwe pase atravè yo menm nan rechech yo ap antreprann.

Aprè lamès la, responsab direksyon depatmantal Edikasyon an nan rejyon Nódwès la, te rann yo nan Lise Tertullien Guilbeau nan vil Pòdpè, pou yon ven donè, kote yo fikse randevou pou Pak Kapwa Lamò a, sou wout Gran Savann, pou kontinye rès aktivite yo.

Nap raple, nan okazyon Fèt drapo a ak inivèsite a ane sa a, te mete anfaz prezans anpil gwoup mizikal, pami yo Boukmann Eksperyans, malgre vag ensekirite a kap vale teren.

Share:

Leave a reply