Yon gwoup avoka estajè entegre baro Jeremi an.

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou pote chanjman nan fason jistis la ap delivre nan Jiridiksyon Jeremi an, yon dizènn avoka estajè prete sèman devan tribinal premye enstans Jeremi a nan objektif pou dote sosyete a yon jistis ki djanm sou yon lot fòm.
Komisè gouvenman an, mèt Jean Marie Gaetjeens Alexandre, nan diskou sikonstans li, mete aksan ak nesesite pou ke jèn avoka estajè yo, pa aji andeyò lalwa.
Tandiske, bokote Dwayen an, mèt Finey Francois ankouraje pou ke nouvo estajè yo pwan la lwa kòm bousòl pou pa al fè avoka movèz kòz.






