Pèfòmans Normil Rameau : Nap fè li jan “Blan” mande’l la!

Enel Richard
Pèfòmans Normil Rameau, pa fè onè sa peyi Dayiti te reprezante. Se yon veritab bilan merilan, ki pouse moun poze kesyon, kòman yon peyi ki genyen yon si bèl ietwà devan je imanite kapab arive degrengole anba men yon veritab enkonpetan.
Travay Normil Rameau nan premye pòs li nan direksyon PNH la, se te yon dezas ou yon sounami ensekirite. Pa genyen anyen ki te sanble genyen yon chèf lapolis ki te ekziste. Malgre, konpòtman krate santi sila, ki toujou ap fonksyon nan bluff ak Chaloska Tonton Nwèl Fo Mouvman, otorite a ta sanble konplis nan plan neoliberal kriminèl, lè yo te asèpte rekondwi yon parèy moniman, ki selon endis pèfòmans li ak tout KPT a, montre ke yo detèmine pou anvlime imoraji kriz ensekirite jeneralize a pi plis.
Anpil moun ta estime 2 bagay sou pèfòmans Normil Rameau : gen moun ki plis wè se yon maryonèt ou yon bwasè ki ta sanble ap fè yon djò sal pou yon antite byen detèmine. Yon travay ki pa genyen oken detèminasyon patriyotik. Se tankou yon kò flotan, san abilite ou konpetans nan domènn nan, ki pa reyèlman prepare. Kidonk, se sèl politisyen enkonpetan sèlman ki pou ta fasilite peyi a yon lòt chwa konsa. Kritik yo sijere, “yon moun fè sa ke ou kapab”.
Yon lòt kategori, estime ke se yon disgras ou yon wont nasyonal, pou yon swadizan chèf polis, ke yo di ki genyen konpetans adekwàt, fasilite livre nan yon ti bout tan e san anbarasman yon latriye tèritwà anndan peyia bay bandi.
Direktè Polis Rameau ak tout KPT e Viv Ansanm, se pwason kraze nan bouyon. An nou gade, ki kantite efò ki fèt pou gouvènman sangwen an fè, pou mete sekirite pou anpeche popilasyon an fè yon kout Silanka. Konsa, pou refoule manifestasyon popilè, kap reklame sekirite fas ak vyolans gang yo, ki poko janm ka rive sou dirijan kriminèl ki mete nou nan sa nou ye la; se pa ti zam ak mwayen lojistik ki mobilize. Koulya, yon moun dwe mande, eske tout èd sekirite ak ekipman ou fòs entènasyonal la ap fè antre anndan peyi Dayiti, vize reyèlman pou konbat gang, oubyen pou kontrekare popilasyon an revòlte kont konplo kriminèl ou jenosid Oksidan an.
Menm moun ki pa genyen tèt dwat, kapab wè, aprè 2 nominasyon direktè bwasè a, pa reyèlman kapad! E nou vle sèmante sou vi nou, avèk anpil garanti, li pra’l livre komin Hench gro midi!
Kòman nou fè rive nan sa? Ebyen, mank edikasyon, povwete ak nayivte. Nou plis ospitalye ke nou patriyotik. Blan an pafwà pa bezwen viza pou antre lakay nou pou kòmande nou; pafwa, sangwen tèt pa dwat nou ye envite yo pran bagay ke yo pa menm bezwen nan peyia; ale wè pou sa yo ta bezwen. Malerezman, moun ki pa tèlman genyen yon kapasite edikasyonèl, sanble genyen pi bon reflèks kognitif ke dirijan ou save raketè nou ye. Paske, blan an pran kapasite refleksyon ou Kosyan Entèlèktyèl yo kòm fatra ou enbesil, pou nou repete aprè prezidan fwansè a, Emmanuel Macron.
Ki donk, 9 sangwen, plis G9 an Fanmiy, yon seri Medya fich Gaz, Kò Gwoup e politisyen sansal, ap simen laterè jiska ekstèmine yon popilasyon ki pa fè oken peche, sinon ke paske inikman li se petit Dayiti. Sitiyasyon yo mande yon sezaryènn ki pa dwe depaman ak mouvman popilè peyi Silanka a; yon lidè ki pa genyen kapasite krizokal, tradisyonèl, konpòtman moun ki bezwen al koule yon dal pou yon konstwiksyon, epi kouri mete moun deyò pou myèt. Yon lidè ki depase yon dimansyon manfouben ak konze. Se pa moun ke etranje fwete ògèy yo, men ki pa arive transande yon minimòm moralite ou dimansyon moun.
Dirijan ayisyen ki deja avili tèt yo nan sa ki genyen pou wè avèk plonje peyia nan neyan, pa kapab sou oken fòm ap aroje e enpoze yo jounen jodia. Monn lan evolye! Kalite moniman sanvègònn sila yo, jwen gras ak benedisyon pwisans entènasyonal, ki mete jenou yo sou fyèl pitit peyi Dayiti. Ke peyia fann an divès moso pou yon jèn lidè ki pa deja benyen nan salte ak salmanaza politisyen kriminèl peyi Dayiti, bay tout antite kriminèl yo mounen pyès yo si yo ap tante kanpe devan agoni, tribilasyon, soufwans ak lavi popilasyon ayisyèn nan ki bouke naje nan mizè depi plis pase 200 lane.
Yon revèy nasyonal, ki genyen deyè li moun ki pa nan gaye pay, dwat long, gran manjè, bwasè, raketè, revandè peyi, konze ki pa menm voye je sou emèjans ou devlopman yon seri “Peyi Katye” nan Karayib la kap depoze “La bonne gouvernance” pou sitwayen lakay yo.
Anpil ayisyen ki deyò peyi a, pa nesesèman vle rete nan peyi lòt bò dlo. Konsa, pi gwo bagay istorik ke gouvènman Donald Trump lan te kapab fè pou pèp ayisyen an, se ede pèp ayisyen an denonse, pouswiv rekipere lajan tout vòlè sou tout fòm ki konplis nan dràm sa, ki fini avèk “l’homme haitien”, tankou li te fè li nan kanpay li, fas ak Hillary Clinton, tankou li denonse yon seri mouvman USAID finanse pou kapote yon seri gouvènman, pami yo Ayiti. Konsa, kite nou dirije peyi nou avèk moun ki pwòp e genyen pwòp otonomi ak souverènnte pou fè echanj ou koperasyon ak peyi ki reyèlman santi mizè nou ou ki vle ban nou lebwà. Konsa, asan pousan, ou pra’l aprann konnen kòman ayisyen ap rantre lakay yo san grate tèt.
Antouka, dràm peyi Dayiti a, genyen anpil pou wè avèk yon seri sangwen, ki pa konnen ki sa ki rele yon “peyi”. Alòske, nenpòt ki timoun nan yon pakèt lòt peyi kapab defini ABC yon parèy konsèp, nan yon bat je, selon konpòtman patriyotik yo. Yo konnen nan tout sikonstans, se peyi yo ki prime avan tout bagay! Elas, malerezman, se sa ki rive yon peyi kote se moun ki pa moun kap fòse dirije moun! Ayiti bezwen diplike yon konpòtman peyi Mali, Boukina Faso ak Nijè pou li arive soti anba jouk konplotè konlon ki soufwi nostalji esklavaj.
Antouka, randevou kase pou yon lòt livrezon tèritwà nan tèt kole ak DIREKTÈ Normil Rameau, KPT, ak Viv Ansanm, kap fè travay la jan blan an mande’l la! Yon veritab dràm imanitè!
Enel Richard, Sitwayen Angaje






