Group teworis “Viv Ansanm” touye anba bal yon polisye PNH nan komin Mibalè

599
0
Share:
TRiboLAND

Mibalè, Ayiti_____(TRiboLAND) Se nan Kafou Pelig, nan komin Mibalè ke polisye Garry Junior Lima rann dènye souf li nan moman lapolis nasyonal tap twoke kòn li ak group gang sangwen sansal “Viv Ansanm” kap miltipliye krim nan rejyon an depi plis yon semèn. Selon pòt-pawòl adjwen PNH la ki tap konfime lanmò polisye a, fè konnen ke malgre tout sa kap di, lapolis genyen kontwòl sitiyasyon an.

Depi ke group sangwen yo antre Mibalè, piyaj, vyiòl, krim, kidnapping ak ensandi pa sispan kreye gro laperè ki fòse chyen ap manje kadav nan lari, rezidan yo ki pat gentan chape poul yo oblije rete fèmen anndan lakay ap soufwi grangou, alòske boukantaj kout zam yo kontinye ap kreye laperèz ak tranble janm.

Dlo pa kapab rete nan je pitit Mibalè yo ki asyeje nan mitan laterè ak dekonpozisyon kadav pasi pala. Leta koupyon, atravè otorite konplis yo, afiche enkonpetans ak absans obligasyon moral ki ta sanble lakay dirijan ki pa kapab jere menm yon katyé. Konsa, gang yo ap miltipliye tèritwà ke otorite yo menm asèpte livre sou yon fòm ou sou yon lòt.

Share:

Leave a reply