Si politichyen kriminèl ki sou pouvwa a pa demaske yo nan figi popilasyon an, sa pat pran yon 2 mwà pou tout peyi a livre!

624
0
Share:
TRiboLAND

Enel Richard

Pa fwa ou ta deklare ke ou te rekrèt ke ou te ayisyen; men malerezman pou eksplwà gran zansèt nou ye te fè, aksyon ti pòsyon rejè polichyen ki sou pouvwa pa kapab, pa kapat kouvwi ase sa ewo kolonyàl peyi a te fè ou reprezante!

Eskize’m Lasosyete! Nan jou sa yo, se endinyasyon ak kalamite ke moun pa jan wè nan larepiblik. Se tout bon vre nou kòmanse wè, san oken dout, ki yès ki vrèman dèyè pwojè kriminèl la. Mannèv yo plis ap desine nan direksyon tèritwà ke pouvwa sangwen kriminèl la ap livre yo, sou pretèks yo pa genyen ase ekipman pou batay ak bandi.

Mezanmi, se doulè tranche lakay tout sitwayen ki genyen san Desalinn nan venn yo. Se tout bon, pwojè Kò group santikri ap resi ateri ak konplisite lapolis, politichyen, boujwa ki mare sosis ak gang kap fè tankou ke yo atake yo tou; alòske gro chabwàk sa yo ki ap bay plan pou vann ak eksplwàte Ayiti a jarèt, poko janm pèdi vi yo nan atak gang.

Jwèt la sèlman rete nan nivo pretèks bwile kay ak biznis, jis pou moun kapab di yo atake yo tou. Pa genyen, oken nan antite kriminèl sa yo tankou manm, Kò gwoup, politichyen, richyen ke gang yo fizikman atake. Tankou nan Belo, gang yo sible egzakteman yon seri kay gro chabwàk ki te deja vid. Se yon seri pre-aranjman ki te deja planifye jis pou fè senaryo a; konsa, pa janm genyen gro chabwak ki janm mouri. Tout bagay yo planifye.

Gen moun kap mande elikòptè! Sipann bay tèt nou mantò. Aprann sa, tout ekipman ou wè ki antre eke yap distribye bay lapolis, yo se pou gang egalman. Ou pa bezwen etone, si demen ou ta arive wè tout blende yo pake nan lakou gang yo; pa menm pale pou elikòptè. Avèk ekipman sila yo, gang yo tap touye plis moun popilasyon an pi mal avèk yo. Konsa, anpil peyi pa wè klè nan sa kap fèt la; yo pa genyen bouch pou pale; paske, yo reyalize se otorite ou politichyen ayisyen ki gang lan menm. Konsa, genyen yon seri bagay ke yo pa kapab lage nan men ensanse sa yo ki genyen bonjan ramifikasyon ak. Anpil fwa, yo antann yo ase byen ankachèt avèk tout gang, yon fason pou egzekite plan pou touye popilasyon an epi remèt dabò depatman Lwès la, jan blan kriminèl eksplwàtè ki promèt yo “Dubai” ou “Paradi Tèrès” la, mande’l la! Yon “Dubai” ki pral fè yo tout vinn richyen ou pi richyen sou san yon nonm enkalkilab nan popilasyon ayisyènn nan.

Eskize’m Lasosyete! Jis kilè ensanse ki nan tèt peyi a, ap omwen anpiche chyen ap manje kadav sitwayen ayisyen nan Mibalè ak Sodo, zònn kote otorite ayisyèn yo livre yo? Si nou ta vle repete tankou Emmanuel Macron, seyon seri enbesil, ki mete nou nan sa nou ye la. Se sèten, prezidan fransè a tap trete yo enbesil parapò ak “deal kriminèl” ki fèt avèk yo, pou yo, e pi devan san yo! Ki lòt nasyon ou dirijan sansal ki tap asèpte ekstèmine sitwayen lakay li an echanj ak yon seri masak ou olokòs kap pase devan boul je tout nasyon sou latè ki ta sanble genyen kè plen pou fason dirijan sansal yo trete peyi a ak moun ki ladan’l!

Eskize’m Lasosyete! Antouka, KPT, Alix Fils-Aimé, Kò Gwoup kriminèl ak tout lòt politisyen ki deja genyen kichòy ou avalwa nan men yo pou egzekisyon plan kriminèl ansyen gouvènè Kanada a, Michaelle Jean deja denonse a; ki kote pwochen livrezon kriminèl la ap fèt. Ki pwochen masak la, ki pwochen depatman an? Ekip satanik sansal! Nou lèd anpil devan je rès mond lan!

Pèp ayisyen! Pèp ayisyen! Pèp ayisyen! Fè anpil atasyon! Sa kap pase la, se pou ou sèlman li pa bon; men li bon pou tout antite ki sou teren an ki genbe’w nan gòj pou etoufe’w. Ou wè anba rad anpil nan yo deja! Sepandan, se sèl ou menm ki kapab anpeche yo depatcha’w. Sa pap etonan, si ou ta wè nan pwochen ane yo, kolon kriminèl yo re-enstale esklavaj anndan peyi Dayiti, devan je tout planèt la! pa pran priyè pèsònn! Ke li te zanmi Ayiti, revolisyonè pou jete sistèm nan, KPT, polisye kap tire sou manifestan, politichyen konze ou bwasè, Nasyon Zini, yon seri òganizasyon dwà moun e latriye, yo tout reprezante yon “sistèm nan ki deja vinn pi fò anndan peyia atravè debleyaj ak masak gang yo sou tèritwà peyi a. Ale pou ale, yo tout pra’l fè yon sèl ak gang yo atravè separasyon richès ak amnisti. Se sèl pèp la ki defansè pèp la!

Kesyon chanje kabinè ministeryèl, Premye minis, e Etadijans se pou fè timoun dodo! Se pa bagay peyi kap rekle. Se bwasaj kap fèt; yon fason pou genyen plis moun ki jwen yon souse nan manmèl bèf la, ki senpleman rete avèk zo sèlman. Kidonk, se lè pou yon group jwenn yon lòt men sòl!

Eskize’m Lasosyete! Ankò yon lòt fwa, Rameau, KPT, politichyen, richyen ak Kò gwoup, ki kote pwochen livrezon an ap fèt?

Share:

Leave a reply