Vil Jeremi pandan jou sa yo transfòme an veritab mache piblik.

510
0
Share:
TRiboLAND

03 – 31 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou fasilite lib sikilasyon nan espas konstriksyon nouvo mache piblik modènn Jeremi an, anpil machann chwazi itilize lòt espas nan divès kwen vil Jeremi.

Anbouteyaj ou aktivite komèsyàl yerachik, pa ditou jwe an favè otorite minisipal yo nan vil poèt la. Konsa, li poze problèm pou vann espas ou takse machann chabon, peyizan pwodwi agrikol yo; yon ansanm problèm ki pa ditou fasil pou rezoud.

Akòz solidarite moun nan zonn kote machann yo etale kokodjaka, oken anplwaye meri nan Jeremi pa kapab vinn mande machann touche lajan pou espas yo okipe yo, an atandan nouvo mache piblik lan finn konstri.

Share:

Leave a reply